Psalm 105
Haitian Creole Bible

1Lwanj pou Seyè a! Fè konnen jan li gen pouvwa! Fè nasyon yo konnen sa li fè!

2Chante pou li! Fè lwanj li! Rakonte tout mèvèy li te fè yo!

3Fè kè nou kontan paske se moun pa l' nou ye. Wi, se pou tout moun k'ap sèvi Seyè a fè fèt!

4Ale jwenn Seyè a pou l' ka ede nou, toujou chache rete devan li.

5 -(We vèsè pwochen)

6Nou menm, pitit pitit Abraram, sèvitè Bondye, nou menm, pitit pitit Jakòb yo, nou menm Bondye chwazi, chonje mirak ak mèvèy li te fè. Chonje jijman ki te soti nan bouch li!

7Seyè a se Bondye nou li ye. Lè li pase yon lòd se pou tout latè.

8 -(We vèsè pwochen)

9L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan.

10Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan.

11Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.

12Lè sa a, pèp Bondye a pa t' anpil, yo te sèlman yon ti ponyen moun, yo te tankou etranje toujou nan peyi a.

13Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo, yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lòt.

14Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutèt yo.

15Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fè pwofèt mwen yo anyen.

16Lè Seyè a te voye yon grangou sou peyi yo a, lè li te koupe tout viv yo,

17li te voye Jozèf devan yo, menm Jozèf yo te vann tankou esklav la.

18Yo te mete pye l' nan sèp, yo te pase yon chenn nan kou li,

19jouk sa li te di a te rive vre. Konsa, pawòl Seyè a te fè wè se Jozèf ki te gen rezon.

20Wa peyi Lejip la te wete l' nan chenn yo, chèf nasyon yo te fè lage l'.

21Li mete l' chèf sou tout moun lakay li, li mete l' pou l' gouvènen tout peyi a.

22Li ba li kat blanch sou tout chèf yo, li ba li otorite pou l' moutre notab yo sa pou yo fè.

23Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.

24Seyè a te fè pèp li a peple anpil. Li te fè l' vin pi fò pase lènmi l' yo.

25Li fè moun peyi Lejip yo rayi pèp li a: Yo aji mal ak li, yo twonpe li.

26Lè sa a, li voye Moyiz, yon moun ki t'ap sèvi l', ansanm ak Arawon, yon moun li te chwazi.

27Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.

28Li voye fènwa kouvri tout peyi a. Men, moun peyi Lejip yo pa t' koute sa l' te di yo.

29Li fè dlo larivyè yo tounen san, li touye tout pwason ladan yo.

30Krapo te pran tout peyi a pou yo, yo te rive jouk anndan kay wa a.

31Bondye annik pale, mouchavè ak vèmin parèt, yo kouvri tout peyi a.

32Li pa ba yo lapli, li voye lagrèl pito ak kout zèklè sou peyi a.

33Li te detwi tout pye rezen ak tout pye figfrans yo. Li jete tout pyebwa nan peyi a atè.

34Bondye annik pale, chwalbwa parèt, chini vide an kantite.

35Yo devore tout ti plant nan peyi a, yo manje tout rekòt nan jaden yo.

36Bondye touye premye pitit gason nan tout fanmi nan peyi Lejip la. Wi, li touye tout premye pitit gason yo.

37Apre sa, li fè pèp Izrayèl la pati avèk kantite lò ak ajan. Anyen pa t' rive yo yonn menm.

38Moun peyi Lejip yo te fè fèt lè yo pati paske yo te pè anpil.

39Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.

40Yo mande l' vyann, li ba yo zòtolan. Li ba yo pen ki soti nan syèl pou plen vant yo.

41Li fann yon gwo wòch, sous dlo pete, dlo pran koule nan dezè a tankou larivyè.

42Li te chonje pwomès li te fè a, pawòl li te bay Abraram, sèvitè l' la.

43Se konsa li te fè pèp li a soti ak kè kontan, li te fè pèp li te chwazi a rele sitèlman yo te kontan.

44Li ba yo tè lòt nasyon yo, li kite yo ranmase rekòt jaden lòt moun,

45pou pèp li a te ka kenbe lòd li yo, pou yo te ka obeyi kòmandman li yo. Lwanj pou Seyè a!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 104
Top of Page
Top of Page