Proverbs 30
Haitian Creole Bible

1Men pawòl Agou, pitit Jake, moun peyi Masa. Men deklarasyon nonm lan te fè: Mwen bouke, Bondye! Mwen bouke, Bondye! Mwen pa kapab ankò!

2Mwen sòt pase panyen pèsi. Se pa moun mwen ye. Mwen pa gen lespri tankou tout moun.

3Mwen pa janm konnen sa ki rele konesans. Mwen pa konprann anyen nan bagay Bondye.

4Ki moun ki janm moute nan syèl, apre sa ki redesann sou latè? Ki moun ki janm ranmase van yo nan men l'? Ki moun ki janm mare dlo yo nan rad li? Ki moun ki fikse limit tè a? Ki jan li rele? Ki jan pitit li rele? Di m' non, si ou konnen?

5Bondye toujou kenbe pawòl li. Li pwoteje tout moun ki mete konfyans yo nan li.

6Pa fè l' di sa li pa di. Si ou fè sa, l'a fè ou repwòch, l'a fè tout moun wè se mantò ou ye.

7Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri.

8Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la.

9Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz.

10Pa janm pale yon domestik mal devan mèt li. L'a madichonnen ou, l'a fè ou peye bouch ou.

11Gen yon kalite moun k'ap bay papa yo madichon, ki pa gen konsiderasyon pou manman yo.

12Gen yon lòt kalite moun ki konprann yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Men, pi mal pase yo nanpwen.

13Gen yon lòt kalite moun ankò ki mete nan tèt yo yo pa kanmarad pesonn, wa pa kouzen yo.

14Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo.

15Sansi gen de pitit fi: tou de gen menm non, yo rele: Ban mwen! Ban mwen! Gen twa bagay ki pa janm di ase. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki pa janm di se kont.

16Men yo: Se peyi kote mò yo ye a, se fanm ki pa ka fè pitit, se tè a ki pa janm bwè kont dlo li, epi se dife. Bagay sa yo pa janm di ase.

17Yon pitit ki pase papa l' nan betiz, ki pa respekte lòd manman l', chen gen pou devore kadav li nan raje, zwezo nan bwa va manje grenn je li.

18Gen twa bagay mwen pa janm ka konprann. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay konsa.

19Men yo: Se jan malfini plane nan syèl la, se jan koulèv mache sou wòch, se jan bato kouri sou lanmè, se jan gason ak fanm rive fè lamou.

20Men ki jan fanm k'ap twonpe mari yo fè: Lè yo fin fè sa y'ap fè a, yo benyen byen pwòp, epi yo di: Mwen pa fè anyen ki mal.

21Gen twa bagay ki fè latè tranble. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay moun pa ka sipòte.

22Men yo: Se yon esklav ki rive chèf, se yon moun sòt ki gen tou sa li bezwen,

23se yon fanm ki pa t' janm jwenn moun renmen l' epi ki resi mare yon nòs, se yon sèvant ki pran plas metrès li.

24Gen kat ti bèt sou latè, gen lespri pase yo nanpwen:

25Se foumi: yo tou fèb, men yo pase tout sezon chalè ap fè pwovizyon mete la.

26Se chat mawon: yo pa pi fò pase sa. Men, yo fè kay yo nan twou wòch.

27Se krikèt vèt: yo pa gen chèf, men yo mache pa bann.

28Se zandolit: ou ka pran yo nan men ou. Men, ou jwenn yo nan palè wa yo.

29Gen twa bagay ki bèl lè y'ap mache. Sa m'ap di la a! Gen kat bagay ki gen bèl demach:

30Se lyon, se li ki pi fò nan tout zannimo, li pa pè yo yonn.

31Se bouk kabrit. Se chwal sele bride. Se wa lè y'ap mache devan lame yo.

32Si ou te sòt jouk pou ou te rive fè grandizè, kalkile sou sa ou fè a: Pe bouch ou!

33Si ou bat lèt, l'ap fè bè. Si ou frape yon moun sou men l', l'ap senyen. Si ou nan pouse dife, ou nan gwo kont.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Proverbs 29
Top of Page
Top of Page