Psalm 103
Haitian Creole Bible

1Se yon sòm David. Kite m' di Seyè a mèsi! Kite m' di Seyè ki pa tankou tout moun lan mèsi ak tout nanm mwen!

2Wi, kite m' di Seyè a mèsi. Mwen pa dwe janm bliye tout byen li fè pou mwen.

3Li padonnen tout peche m' yo, li geri tout maladi m' yo.

4Li wete m' nan bouch twou a. Li beni m', li fè m' wè jan li renmen m', jan li gen pitye pou mwen.

5Li kouvri m' ak benediksyon pandan tout lavi m', li fè m' rete jenn ak tout fòs mwen, tankou malfini.

6Seyè a pa nan patipri. Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis.

7Li fè Moyiz konnen sa l' te gen nan tèt li, li fè pitit Izrayèl yo wè mèvèy li yo.

8Seyè a gen kè sansib, li gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.

9Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.

10Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.

11Menm jan syèl la byen lwen anwo tè a, se konsa Seyè a renmen moun ki gen krentif pou li.

12Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou.

13Menm jan yon papa sansib pou pitit li, se konsa Seyè a sansib pou moun ki gen krentif pou li.

14Li konnen ak kisa nou fèt, li chonje se pousyè tè nou ye.

15Lèzòm menm, lavi yo tankou zèb. Yo grandi, yo fleri tankou flè savann.

16Kou van soufle sou yo, yo disparèt. Pesonn pa rekonèt kote yo te ye a.

17Men renmen Bondye pou moun ki gen krentif pou li yo, se bagay ki la pou tout tan. L'ap gen pitye pou pitit pitit yo,

18pou moun ki kenbe pawòl yo ak li, pou moun ki chonje kòmandman li yo pou obeyi yo.

19Seyè a mete fotèy li anwo nan syèl la, l'ap gouvènen tout bagay.

20Nou menm zanj li yo ki vanyan, ki gen fòs, nou menm k'ap fè tou sa li mande nou fè, nou menm k'ap koute sa l'ap di nou, fè lwanj Seyè a!

21Nou tout ki fè pati lame ki nan syèl la, nou tout k'ap sèvi l', k'ap fè volonte li, di Seyè a mèsi!

22Nou tout kreyati Bondye, nou tout ki toupatou kote l'ap gouvènen, di Seyè a mèsi! Wi, kite m' di Seyè a mèsi!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 102
Top of Page
Top of Page