Genesis 39
Haitian Creole Bible

1Moun Izmayèl yo te mennen Jozèf nan peyi Lejip. Rive la, Potifa, yon moun peyi Lejip ki te chèf nan gouvènman farawon an ak kòmandan gad palè yo, achte l' nan men yo. 2Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li te fè tout bagay mache byen pou li. Jozèf te rete kay mèt li, moun peyi Lejip la. 3Mèt li tout te wè Seyè a te avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen. 4Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen. 5Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'. 6Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe. 7Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non! 8Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'. 9Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye? 10Se chak jou li te nan kò Jozèf. Men, Jozèf te toujou derefize kouche avè l'. 11Yon jou, Jozèf vin pou fè travay li nan kay la. Lè sa a pesonn pa t' la: 12Madanm lan kenbe rad Jozèf, li di l': -Jòdi a, se pou ou kouche avè m'. Lè Jozèf wè sa, li chape kò l' met deyò, li kite rad la nan men madanm lan.

13Madanm lan menm, lè li wè Jozèf te kite rad la nan men l' pou l' kouri ale deyò, 14li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele. 15Lè li tande m' rele a, msye kouri, li met deyò, li kite rad li la bò kote m'. 16Madanm lan kite rad la bò kote l', li tann mèt Jozèf la tounen lakay la. 17Li rakonte l' menm bagay la, li di l': -Esklav ebre ou mennen lakay la vin jwenn mwen jouk isit la pou avili m'. 18Men, mwen pete yon rèl, li kouri met deyò, li kite rad li bò kote m'.

19Lè Potifa tande madanm li di l' sa domestik li a te fè l', li move sou Jozèf. 20Li fè arete l', mete l' nan prizon kote yo fèmen tout prizonye wa a. Se konsa Jozèf twouve l' nan prizon. 21Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans. 22Li mete l' veye tout lòt prizonye yo. Se li menm ki te reskonsab tout bagay nan prizon an. 23Depi li te renmèt yon bagay nan men Jozèf, li pa t' bezwen okipe anyen ankò paske Seyè a te la avèk Jozèf. Seyè a te fè tout zafè l' mache byen.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Genesis 38
Top of Page
Top of Page