Psalm 135
Haitian Creole Bible

1Lwanj pou Seyè a! Fè lwanj Seyè a! Nou tout k'ap sèvi Seyè a,

2nou tout ki kanpe lakay li, nan kote ki apa pou Bondye nou an, fè lwanj li!

3Fè lwanj Seyè a, paske li gen bon kè! Chante chante pou li, paske li aji byen ak nou.

4Se li menm ki te chwazi Jakòb pou moun pa l', se li menm ki te chwazi pèp Izrayèl la pou pèp li.

5Mwen konnen Seyè nou an gen gwo pouvwa. Li gen pouvwa pase tout lòt bondye yo.

6Li fè sa li vle nan syèl ak sou latè, sou lanmè ak nan fon lanmè.

7Li fè nwaj yo leve kote syèl la kole ak latè a, li fè zèklè ak lapli, li fè van yo soti kote li sere yo a.

8Se li menm ki te touye tout premye pitit gason ak tout premye pòte mal zannimo nan peyi Lejip.

9Se li ki te fè anpil mirak ak mèvèy nan peyi Lejip pou pini farawon an ansanm ak tout moun k'ap sèvi l' yo.

10Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa:

11Siyon, wa peyi Amon an, Og, wa peyi Bazan an ansanm ak tout wa nan peyi Kanaran yo.

12Li pran peyi yo, li bay pèp li a, wi, li bay moun pèp Izrayèl yo peyi moun sa yo pou yo rete.

13Seyè, lèzòm ap toujou konnen ki moun ou ye. Yo p'ap janm bliye ou!

14Seyè a va pran defans pèp li a, l'a gen pitye pou moun k'ap sèvi l' yo.

15Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.

16Yo gen bouch, men yo pa ka pale. Yo gen je, men yo pa ka wè.

17Yo gen zòrèy, men yo pa ka tande. Yo pa gen yon ti souf nan bouch yo.

18Moun ki fè zidòl yo ansanm ak tout moun ki mete konfyans yo nan yo, se pou yo tounen tankou yo.

19Nou menm, pèp Izrayèl la, fè lwanj Seyè a! Nou menm, prèt Bondye yo, fè lwanj Seyè a!

20Nou menm k'ap sèvi nan tanp li a, fè lwanj Seyè a! Nou tout ki gen krentif pou Seyè a, fè lwanj li!

21Fè lwanj Seyè a nan peyi Siyon. nan lavil Jerizalèm, kote l' rete a. Lwanj pou Seyè a!

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 134
Top of Page
Top of Page