Psalm 134
Haitian Creole Bible

1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nou tout k'ap sèvi Seyè a, nou tout k'ap pase nwit lakay li ap sèvi l', ann fè lwanj Seyè a!

2Louvri bra nou nan tanp li, lapriyè, fè lwanj Seyè a!

3Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon pou l' beni ou. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 133
Top of Page
Top of Page