Genesis 11
Haitian Creole Bible

1Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 2Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. 3Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 4Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè. 5Seyè a desann pou l' wè lavil la ansanm ak gwo kay won moun yo t'ap bati a. 6Epi li di. Koulye a, gade! Yo tout fè yon sèl pèp. Yo tout yo pale yon sèl lang. Gade sa yo konmanse ap fè. Talè konsa y'ap pare pou yo fè sa yo vle. 7Bon. N'ap desann, n'ap mele lang yo. Konsa, yonn p'ap ka konprann sa lòt ap di. 8Se konsa Seyè a gaye yo toupatou sou latè. Yo sispann bati lavil la. 9Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.

10Men pitit pitit Sèm yo. Dezan apre inondasyon an, Sèm te gen santan (100 an) lè li fè yon pitit gason yo rele Apachad. 11Apre sa, li viv senksanzan (500 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

12Apachad te gen trannsenkan lè li te fè yon pitit gason yo rele Chela. 13Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

14Chela te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Ebè. 15Apre sa, li viv katsantwazan (403 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

16Ebè te gen trannkatran lè li fè yon pitit gason yo rele Pelèg. 17Apre sa, li viv katsantrantan (430 an). Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

18Pelèg te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Reou. 19Apre sa, li viv desannevan (209 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

20Reou te gen tranndezan lè li fè yon pitit gason yo rele Sewoug. 21Apre sa, li viv desansetan (207 an) ankò. Li fè lòt pitit gason ak pitit fi.

22Sewoug te gen trantan lè li fè yon pitit gason yo rele Nakò. 23Apre sa, li viv desanzan (200 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

24Nakò te gen ventnevan lè li fè yon pitit gason yo rele Terak. 25Apre sa, li viv sandiznevan (119 an) ankò. Li te fè lòt pitit gason ak pitit fi.

26Terak te gen swasanndizan lè li fè twa pitit gason yo rele Abram, Nakò ak Aran.

27Men pitit ak pitit pitit Terak yo: Terak te papa Abram, Nakò ak Aran. Aran te papa Lòt. 28Aran mouri anvan papa l'. Li mouri lavil Our nan peyi Kalde kote l' te fèt la. 29Abram ak Nakò te fè pozisyon. Abram marye ak Sarayi, Nakò marye ak Milka, pitit fi Aran. Aran te gen yon lòt pitit ankò yo te rele Jiska. 30Sarayi pa t' gen pitit, li pa t' ka fè pitit.

31Terak pran pitit li, Abram, pitit pitit li, Lòt, ki te pitit Aran, ansanm ak bèlfi li Sarayi ki te madanm Abram, pitit li. Li pati ak yo, li kite lavil Our nan peyi Kalde pou li ale nan peyi Kanaran. Men lè yo rive lavil Karan, yo te rete la. 32Se la Terak mouri. Li te gen desansenkan (205 an).

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Genesis 10
Top of Page
Top of Page