Psalm 33
Haitian Creole Bible

1Nou tout k'ap viv jan Bondye vle l' la, fè kè nou kontan pou sa Seyè a fè. Nou tout k'ap mache dwat devan li, li bon pou n' fè lwanj li.

2Jwe enstriman mizik pou di Seyè a mèsi! Jwe gita dis kòd la, fè fèt pou li.

3Chante yon chante tou nèf pou li. Wi, jwe bèl mizik, chante byen fò.

4Paske, pawòl Seyè a se verite. Li fè tout bagay jan l' te di l' la.

5Seyè a renmen sa ki dwat, li renmen sa ki san patipri. Toupatou sou latè nou wè jan li gen bon kè.

6Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

7Li ranmase tout dlo lanmè a yon sèl kote. Li mete tout dlo ki nan fon lanmè a nan rezèvwa.

8Se pou tout moun sou latè gen krentif pou Seyè a. Se pou tout moun sou latè tranble devan li.

9Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.

10Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè.

11Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt.

12Ala bon sa bon lè yon peyi gen Seyè a pou Bondye li! Ala bon sa bon pou pèp li chwazi pou rele l' pa l' la!

13Seyè a rete nan syèl la, li gade anba, li wè tout moun.

14Kote li ye lakay li a, li gade anba, li wè sa tout moun ap fè sou tè a.

15Se li menm ki penmèt yo gen lide nan tèt yo, l'ap veye tou sa y'ap fè.

16Se pa yon gwo lame k'ap fè yon wa genyen batay la. Se pa gwo kouray k'ap fè yon sòlda kraze lènmi l' yo.

17Pa mete nan tèt ou yon chwal ka fè ou genyen batay la. Bon kou l' bon, li pa ka sove pesonn.

18Seyè a ap veye sou moun ki gen krentif pou li. L'ap veye sou moun ki met espwa yo nan li paske yo konnen li renmen yo.

19L'ap rache yo anba lanmò. L'ap kenbe yo vivan lè grangou tonbe sou peyi a.

20Nou mete tout espwa nou nan Seyè a. Se li menm ki tout sekou nou. Se li menm ki tout pwoteksyon nou.

21Se li ki fè kè nou kontan. Nou mete konfyans nou nan li ki yon Bondye apa.

22Tanpri, Seyè, toujou fè nou favè, menm jan nou menm nou mete tout espwa nou nan ou.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Psalm 32
Top of Page
Top of Page