Song of Solomon 6
Haitian Creole Bible

1Ou menm ki pi bèl fanm pase tout fanm, kote mennaj ou ale? Ki wout ou wè li pran? Nou pral ede ou chache l'.

2Mennaj mwen al nan jaden l', kote pyebwa santi bon ap pouse. li al bay mouton l' yo manje. li al ranmase bèl ti flè.

3Mennaj mwen pou mwen, mwen pou mennaj mwen. li ap fè mouton l' yo manje nan mitan bèl ti flè yo.

4Anmòrèz mwen, ou bèl tankou lavil Tisa. Lè m' wè ou sa fè m' plezi tankou lè m' wè lavil Jerizalèm. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!

5Sispann gade m', paske lè ou gade m', ou fè m' pa konn sa m'ap fè. Cheve ou ap danse bò figi ou tankou kabrit k'ap kouri desann sou mòn Galarad yo.

6Dan ou yo blan tankou mouton yo fèk sot benyen. Ou pa manke yonn ladan yo. Tout dan anwo yo mache ak dan anba yo.

7De bò figi ou yo ou ta di de bò grenad anba vwal ou a.

8Wa a gen swasant renn, katreven fanm kay. Pou jenn fi menm, se pa pale.

9Men, pa gen tankou jenn ti pijon mwen an. Li menm ase mwen renmen. Se sèl pitit fi manman l' fè. Se pitit sa a li pi renmen. Lè jenn fi yo wè l', yo di: Gade sa Bondye fè pou ou! Renn yo ak fanm kay yo menm ap fè lwanj li.

10Kilès sa a k'ap parèt tankou solèy ki fèk leve? Li bèl tankou lalin, li klere tankou solèy. Kote ou pase tout moun pèdi nan ou!

11Mwen desann nan jaden zanmann yo pou m' te wè jenn ti plant yo nan fon an, pou m' wè si pye rezen yo ap boujonnen, si pye grenad yo ap fleri.

12Apre sa, m' pa konn sa ki pase m'. M' santi m' tankou yon sòlda sou cha lagè ki anvi al goumen.

13Tounen non, fanm lavil Choulam! Tounen! Tounen non pou n' ka gade ou! Poukisa nou vle gade fanm lavil Choulam lan k'ap danse nan mitan de ran moun?

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Song of Solomon 5
Top of Page
Top of Page