Job 22
Haitian Creole Bible

1Lè sa a, Elifaz, moun lavil Teman an, pran lapawòl. Li di konsa:

2 -Eske yon moun ka itil Bondye? non!Ata moun ki gen bon konprann yo, Se tèt yo ase yo itil.

3Lè ou fè sa ki byen, ki enterè Bondye ki gen tout pouvwa a jwenn nan sa? Sa sa rapòte l' lè ou mennen bak ou dwat?

4Eske se paske ou gen krentif pou Bondye kifè l'ap rale zòrèy ou konsa, kifè l'ap trennen ou nan tribinal li?

5Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste.

6Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni.

7Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen.

8Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou.

9Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.

10Se poutèt sa, kote ou rive se pèlen yo pare pou ou. Ou rete konsa, kè ou kase.

11Sitèlman fè nwa, ou pa ka wè. Ou nan dlo jouk nan kou!

12Eske se pa anwo nèt nan syèl la Bondye rete? Se anba pou li voye je l' pou l' ka wè zetwal yo.

13Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè?

14Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.

15Ou vle mache pye pou pye dèyè mechan yo, nan move chemen yo te toujou pran depi lontan an!

16Yo mouri anvan lè yo tou. Yo tankou lavalas: anvan ou bat je ou, yo pase.

17Yo menm tou yo t'ap di Bondye: Wete kò ou sou nou! Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ka fè nou?

18Atò, se Bondye menm ki te plen kay yo ak richès. Mwen pa janm konprann ki jan mechan yo ka fè di sa.

19Men, lè y'ap pini mechan yo, moun ki mache dwat yo va kontan, inonsan yo va pase yo nan rizib.

20Gade jan grannèg yo fini non! Dife boule tou sa yo te genyen.

21Jòb monchè, byen ak Bondye ankò, tande! Sispann chache l' kont!

22Koute pawòl li t'ap di ou yo. Kenbe yo nan kè ou.

23Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou.

24Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè.

25Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou.

26Paske, lè sa a, se nan Bondye ki gen tout pouvwa a w'a jwenn tout plezi ou. Se sou Bondye w'a toujou gade.

27Lè w'a lapriyè nan pye l', l'a reponn ou. W'a kenbe tout pwomès ou fè l' yo.

28Tout zafè ou va mache byen. Limyè va klere byen bèl sou tout wout ou.

29Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.

30L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 21
Top of Page
Top of Page