Haitian Creole Bible 1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Mwen leve je m', mwen gade mòn yo, mwen di: -Ki bò m'a jwenn sekou?
2Sekou mwen soti nan men Seyè a. Se li menm ki fè syèl la ak latè a.
3Li p'ap kite pye ou chape, moun k'ap veye sou ou a p'ap janm dòmi.
4Moun k'ap veye sou pèp Izrayèl la p'ap kabicha, li p'ap dòmi.
5Se Seyè a k'ap veye sou ou, l'ap kanpe bò dwat ou tankou lonbraj ou. Se li ki tout pwoteksyon ou.
6Lajounen, solèy la p'ap fè ou anyen, lannwit, lalin lan p'ap fè ou anyen.
7Seyè a ap pwoteje ou pou anyen pa rive ou, li p'ap kite anyen rive ou.
8L'ap pwoteje ou kit w'ap antre, kit w'ap soti, depi koulye a ak pou tout tan. Spelling: IPA with the following modifications: oral vowel + [n] nasal vowel -- [y] /j/ -- [è] front open-mid unrounded vowel -- [ò] back open-mid rounded vowel -- [ou] /u/ -- [u] Voiceless labial-palatal approximant, i.e. semi-vowel corresponding to /y/ -- [ch] Voiceless postalveolar fricative -- [j] Voiced postalveolar fricative Bible Hub |



