Job 25
Haitian Creole Bible

1Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:

2-Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.

3Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l'? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.

4Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?

5Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.

6Ale wè pou moun, yon vètè, yon ti krebete! Kisa yo vo nan je Bondye?

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Job 24
Top of Page
Top of Page