Numbers 1
Haitian Creole Bible

1Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa: 2-Se pou ou menm ak Arawon, nou fè yon resansman pou konte tout moun nan pèp Izrayèl la, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi yo. W'a pran non tout gason, yonn apre lòt. 3N'a konte tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, depi yo bon pou fè lagè. N'a fè resansman an dapre jan lame a òganize. 4N'a pran yon chèf nan chak branch fanmi, dapre zansèt yo, pou ede nou.

5Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou. 6Nan branch fanmi Simeyon an, se va Cheloumyèl, pitit gason Sourichadayi. 7Nan branch fanmi Jida a, se va Nakchon, pitit gason Aminadab. 8Nan branch fanmi Isaka a, se va Netanèl, pitit gason Swa. 9Nan branch fanmi Zabilon an, se va Eliyab, pitit gason Elon. 10Nan branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la, se va Elichama, pitit gason Amiyoud. Nan branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la, se va Gamliyèl, pitit gason Pedachou. 11Nan branch fanmi Benjamen an, se va Abidan, pitit gason Gideyoni. 12Nan branch fanmi Dann lan, se va Ayezè, pitit gason Amichadayi. 13Nan branch fanmi Asè a, se va Pagiyèl, pitit gason Okran. 14Nan branch fanmi Gad la, se va Elyasaf, pitit gason Dewèl. 15Nan branch fanmi Neftali a, se va Ayira, pitit gason Enan. 16Se moun sa yo yo te chwazi nan pèp la pou fè travay la. Se yo ki te chèf lakay yo, chèf branch fanmi zansèt yo.

17Moyiz ak Arawon pran douz mesye Bondye te nonmen yo, 18yo reyini tout pèp la, premye jou dezyèm mwa a. Yo pran non tout moun dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. Yo konte tout gason, yonn apre lòt, tou sa ki gen ventan osinon ki pi gran, 19dapre lòd Seyè a te bay Moyiz la. Se nan dezè Sinayi a yo te fè resansman tout pèp la.

20Se konsa yo konte tout gason nan branch fanmi Woubenn, premye pitit Jakòb la, tou sa ki gen ventan ak tou sa ki pi gran epi ki bon pou fè lagè. Yo pran non yo yonn apre lòt, yo di pitit ki moun yo ye, dapre fanmi yo, dapre branch fanmi zansèt yo. 21Yo jwenn karannsimil senksan (46.500) gason pou branch fanmi Woubenn lan.

22Yo fè menm bagay la tou pou tout lòt branch fanmi yo. Pou branch fanmi Simeyon an, 23yo jwenn senkantnèfmil twasan (59.300) gason.

24Pou branch fanmi Gad la, 25yo jwenn karannsenkmil sisansenkant (45.650) gason.

26Pou branch fanmi Jida a, 27yo jwenn swasannkatòzmil sisan (74.600) gason.

28Pou branch fanmi Isaka a, 29yo jwenn senkannkatmil katsan (54.400) gason.

30Pou branch fanmi Zabilon an,31 yo jwenn senkannsètmil katsan (57.400) gason. 31

32Pou branch fanmi Efrayim, premye pitit gason Jozèf la,33 yo jwenn karantmil senksan (40.500) gason. 33

34Pou branch fanmi Manase, dezyèm pitit gason Jozèf la,35 yo jwenn tranndemil desan (32.200) gason. 35

36Pou branch fanmi Benjamen an,37 yo jwenn trannsenkmil katsan (35.400) gason. 37

38Pou branch fanmi Dann lan,39 yo jwenn swasanndemil sètsan (62.700) gason. 39

40Pou branch fanmi Asè a, 41yo jwenn karanteyenmil senksan (41.500) gason.

42Pou branch fanmi Neftali a, 43yo jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason.

44Se non tout moun sa yo Moyiz ak Arawon te pran lè sa a. Te gen douz chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, ki t'ap ede yo nan travay la. 45Pou tout branch fanmi yo ansanm, 46yo jwenn sisantwamil senksansenkant (603.550) gason.

47Men yo pa t' fè resansman branch fanmi Levi a ansanm ak lòt branch fanmi yo, 48paske Seyè a te di Moyiz konsa: 49 -ou pa bezwen fè resansman branch fanmi Levi a. ou pa bezwen konte moun fanmi Levi yo ansanm ak rès moun pèp Izrayèl yo. 50Men, w'a mete moun fanmi Levi yo reskonsab Tant Randevou a ak tou sa ki ladan l' ansanm ak tou sa ki pou li. Se yo ki pou pote l' ansanm ak tou sa ki ladan l'. Se yo ki pou sèvi ladan l' epi yo gen pou yo moute kay yo fè wonn Tant Randevou a. 51Lè pou Tant Bondye a deplase, se moun fanmi Levi yo ki va demoute l'. Lè yo rive kote pou yo rete a, se moun fanmi Levi yo ki va moute l' tou. Nenpòt lòt moun ki pa nan branch fanmi Levi a epi ki ta pwoche bò tant lan, se pou yo touye l'. 52Lòt moun pèp Izrayèl yo menm va moute tant yo apa, chak fanmi ansanm bò lˆbanyè yo, dapre pozisyon yo nan lame a. 53Men, moun fanmi Levi yo va moute kay yo fè wonn Tant Randevou a pou kòlè Bondye pa tonbe sou pèp Izrayèl la. Se yo menm tou ki la pou veye sou Tant Randevou a. 54Moun pèp Izrayèl yo te fè tou sa Seyè a te bay Moyiz lòd fè a. Se konsa yo te fè l' vre.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

Leviticus 27
Top of Page
Top of Page