1 Timothy 2
Haitian Creole Bible

1Pou konmanse, m'ap mande pou nou lapriyè Bondye pou tout moun. Fè l' tout kalite demann pou yo, mande l' padon pou yo, di l' mèsi pou yo. 2Se pou nou lapriyè pou chèf yo ak tout lòt moun ki gen otorite nan men yo, pou nou ka viv trankil ak kè poze nan sèvis Bondye a, ak yon konpòtman ki respektab sou tout pwen. 3Se bagay konsa ki byen, ki fè Bondye, Sovè nou an, plezi. 4Li ta renmen wè tout moun sove, li ta renmen wè tout moun rive konn verite a. 5Se yon sèl Bondye a ki genyen. Se yon sèl moun tou ki mete lèzòm dakò ak Bondye ankò, se Jezi, Kris la. 6Se li menm ki te asepte mouri pou tout moun ka sove. Se prèv sa a Bondye te bay, lè lè a te rive pou moutre jan li ta renmen wè tout moun sove. 7Se poutèt sa, li voye m' kòm apòt pou m' anonse moun ki pa jwif yo nouvèl la, pou m' moutre yo tout bagay, pou yo ka rive gen konfyans nan Bondye, pou yo ka konnen verite a. Sa m'ap di la a, se vre wi. Mwen p'ap bay manti.

8Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.

9Mwen ta renmen tou pou medam yo abiye yon jan ki kòrèk, tou senp, san fè endesans. Yo pa bezwen nan fè gwo kwafi, mete gwo bijou lò ak bèl grenn pèl ni rad ki koute chè sou yo. 10Oneman ki bon pou yon fanm ki di l'ap sèvi Bondye se fè sa ki byen. 11Se pou fanm yo rete san pale, avèk soumisyon, lè y'ap resevwa enstriksyon. 12Mwen pa bay fanm yo dwa moutre pesonn anyen. Yo pa gen okenn otorite sou gason. Se pou yo rete byen trankil. 13Paske, se Adan Bondye te kreye anvan. Se apre li te fè Ev. 14Se pa t' Adan Satan te twonpe, se fanm lan li te twonpe, se fanm lan ki te dezobeyi lòd Bondye. 15Men, yon fanm va delivre lè la fè pitit, si l' kenbe fèm nan konfyans li, nan renmen, nan lavi l'ap mennen apa pou Bondye a, si l' rete tou senp.

Haitian Creole Bible

Bible Hub

1 Timothy 1
Top of Page
Top of Page